Avi sou Dwa pou Travayè Livrezon nan Restoran NYC yo

lang anglè (English)

Avi sou Dwa pou Travayè Livrezon nan Restoran NYC yo

Avi sa a aplike pou ou si ou travay pou yon sèvis livrezon manje nan yon antrepriz ekstèn. Sa a gen ladan nenpòt biznis ki ofri sèvis livrezon restoran nan lòt biznis; pa egzanp, Uber, Grubhub, DoorDash, Wonder, Relay, Fantuan, ak HungryPanda.

a red circle icon with an illustrated bar graph

Peman

  • Aplikasyon an dwe peye ou omwen $21.44 pa èdtan (san tep pa ladan) pou tan ou pase ap prepare ak/oswa fè livrezon. Minimòm sa a ap ogmante 1ye avril chak ane.
  • Aplikasyon an dwe swiv règ adisyonèl ki ka ogmante salè Aplikasyon an dwe eksplike alekri kijan li kalkile pèman.
  • Aplikasyon an dwe peye ou tout tep ou fè.
  • Aplikasyon an dwe peye ou tout salè omwen yon fwa pa semèn, ofri yon opsyon ki pa gen okenn frè pou resevwa peman, epi ba ou yon deklarasyon salè detaye.
  • Aplikasyon an dwe di ou konbyen kliyan an te bay pou chak livrezon ak pèman total ou epi tep pou jou anvan an.
a red circle icon with an line art of earth with multiple route pins on it

Wout yo

  • Aplikasyon an dwe di ou detay wout ou pral fè yo anvan ou aksepte yon livrezon. Detay yo dwe genyen adrès kote w ap al pran kòmann lan, dire ak distans yo estime a, tep ak pèman.
  • Ou ka limite ki pon oswa tinèl ou itilize ak distans ki genyen ant yon kote pou w al pran kòmand lan ak yon kote pou w al depoze l. Aplikasyon an pa ka ofri w pou w ale pi lwen pase limit yo ou fikse a.
a red circle icon with an line art of a open pad lock

Aksè

  • Aplikayon an dwe ba ou yon sak livrezon manje izole gratis apre 6 livrezon manje.
  • Ou gen dwa sèvi ak twalèt yon biznis lè w pran kòmand yo.

Okenn Revanj

Li ilegal pou yo pini travayè yo k ap egzèse dwa yo. Kontakte DCWP imedyatman depi ou sispèk gen reprezay. DCWP pa p janm mande enfòmasyon sou estati imigrasyon ou.

Depoze yon plent

Si yo vyole dwa ou uo, yo ka dedomaje w. Pou ou siyale yon enfraksyon, depoze yon plent nan Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (Department of Consumer and Worker Protection, DCWP).

  • Depoze yon plent
  • Rele nan 311 (212-NEW-YORK andeyò vil New York) epi mande pou “Delivery Worker (Livrè)”

DCWP p ap pataje idantite w san konsantman w alavans.




Telechaje Avi nan PDF.

Avi sou Dwa pou Travayè Livrezon Pwodui Alimantè NYC yo

Avi sou Dwa pou Travayè Livrezon NYC yo


01/2026