Deklarasyon Dwa Konsomatè: Koleksyon Dèt

lang anglè (English)

Règ Ki Vize Mete Fen Avèk Arasman ak Entimidasyon epi Asire Koleksyon Legal Dèt (Règ SHIELD) la pral antre an vigè nan dat 1ye Janvye 2027. Règ la ofri konsomatè Vil New York yo pwoteksyon ki pi solid nan peyi a kont pratik abi nan koleksyon dèt. Dokiman sa a dekri tout mezi pwoteksyon ki an vigè apati 1ye Janvye 2027.

1. Ou gen dwa pou w pa sibi arasman ak entimidasyon.

Kolektè dèt yo PA KAPAB:

  • Itilize metòd agresif ak taktik presyon pou kolekte yon dèt, tankou:
    • Rele ou oswa tèks ou plizyè fwa.
    • Itilize langaj deplasan oswa vilgè oswa fè menas vyolans oswa depòtasyon.
    • Kontakte w si ou te di yo w gen yon avoka k ap reprezante w.

2. Ou gen dwa pou chwazi yon metòd kominikasyon ou prefere.

Ou ka enfòme kolektè dèt yo kòman ak kilè yo ka kominike avèk ou.

Kolektè dèt yo PA KAPAB:

  • Kontakte w konsènan yon dèt plis pase twa fwa pa semèn sof si se reponn y ap reponn ou. (Remak: Lèt yo voye atravè lapòs pa konte.)
  • Rele ou anvan 8è a.m. oswa apre 9 p.m. lè Lès sof si ou te bay konsantman alekri ou.
  • Rele ou sou nimewo telefòn travay ou sof si ou te bay konsantman alekri ou alavans.

3. Ou gen dwa pou chwazi si w ap otorize kominikasyon elektwonik oswa non.

Kolektè dèt yo ka kontakte ou elektwonikman nan yon adrès imèl oswa yon nimewo telefòn ki deziyen pou mesaj tèks si ou te bay konsantman ou anvan sa. Ou ka retire konsantman sa a nenpòt ki lè.

Kolektè dèt yo PA KAPAB:

  • Kolekte oswa eseye kolekte dèt elektwonikman sof si ou te bay konsantman ou pou kominikasyon elektwonik.
  • Voye ba ou yon mesaj nan yon adrès imèl anplwayè w la te bay.
  • Refize pèmèt ou konteste yon dèt elektwonikman si yo kolekte dèt elektwonikman.

4. Ou gen dwa pou jwenn enfòmasyon sou dèt la nan kòmansman kominikasyon yo.

Kolektè dèt yo dwe voye yon “Avi Validasyon” ba ou atravè lapòs nan senk jou apre premye kontak yo avèk ou. Avi Validasyon an dwe ba ou enfòmasyon detaye sou dèt la, tankou detay sou montan yo, enfòmasyon enpòtan konsènan dwa ou yo, ak enfòmasyon kontak pou si ou ta gen nenpòt kesyon.

Kolektè dèt yo PA KAPAB:

  • Voye Avi Validasyon an sèlman atravè imèl, san yo pa voye li atravè lapòs tou, menm si ou te bay konsantman ou pou mesaj imèl.

5. Ou gen dwa pou w itilize nenpòt sèvis lang ki disponib.

Kolektè dèt yo dwe enfòme w sou tout sèvis lang ak tradiksyon ki disponib pou ede w konprann kominikasyon ki gen rapò ak dèt la, epi yo dwe enkli enfòmasyon sa a nan Avi Validasyon an ansanm ak sou sit entènèt yo a.

Kolektè dèt yo PA KAPAB:

  • Kontakte ou nan yon lòt lang ki pa Anglè sof si yo te voye ba ou yon Avi Validasyon nan lang sa a.
  • Inyore preferans lang ou apre yo fin voye yon Avi Validasyon ba ou nan yon lang ki pa Anglè. Yo dwe voye ba ou lòt avi epi aksepte repons ou yo, tankou yon kontestasyon, nan menm lang ak Avi Validasyon an.

6. Ou gen dwa pou ou gen vi prive ou konsènan dèt ou a.

Kolektè dèt yo PA KAPAB:

  • Divilge swadizan dèt ou a bay okenn moun eksepte oumenm oswa avoka w la, dapre enstriksyon ou ba yo. Sa gen ladan fanmi ou oswa kòlèg travay ou.
  • Pale oswa asèle fanmi ou oswa kòlèg travay ou oswa nenpòt moun ou konnen pou dèt ou swadizan dwe a.
  • Kontakte w si ou te di yo w gen yon avoka k ap reprezante w.

Kolektè dèt yo ka rapòte dèt la bay ajans evalyasyon kredi konsomatè yo sou baz enfòmasyon swa kreditè a oswa twazyèm pati ki responsab pou rekipere dèt la bay.

7. Ou gen dwa pou konteste yon dèt nenpòt ki lè.

Ou ka konteste yon dèt, oswa mande verifikasyon dèt la (prèv ki endike dèt la valab ak kantite lajan an egzat), nenpòt ki lè. Ou ka konteste tout oswa yon pati nan dèt la ak/oswa mande verifikasyon dèt la atravè nenpòt metòd kolektè dèt yo itilize pou kontakte ou, ki gen ladan atravè telefòn.

Enpòtan: Menm si ou depoze yon plent bò kote yon òganizasyon regilasyon gouvènmantal, ou dwe voye yon kopi kontestasyon ou an oswa demann verifikasyon an dirèkteman bay kolektè dèt la pou kòmanse kontestasyon an.

8. Ou gen dwa pou resevwa yon repons a demann verifikasyon yo ansanm ak prèv dèt ki fè objè kontestasyon an.

Nan 60 jou apre li fin resevwa kontestasyon w lan oswa demann verifikasyon w lan, kolektè dèt la dwe ba w swa 1) kopi dokiman detaye ki demontre dèt la valab ak egzat oswa 2) yon “Avi Sou Dèt Ki Pa Verifye” ki deklare li pa kapab verifye dèt ki fè objè kontestasyon an. Egzanp avi yo disponib sou nyc.gov/dcwp.

Kolektè dèt yo PA KAPAB:

  • Eseye kolekte yon dèt ki fè objè kontestasyon jiskaske dokiman verifikasyon yo konfime ou dwe dèt la epi montan yo reklame ou dwe a kòrèk. Egzanp, dokiman verifikasyon yo ka gen ladan yo yon deklarasyon fakti ki montre montan dèt la oswa yon deklarasyon kont final kreditè orijinal la te voye ba ou anvan yo te transfere dosye a bay yon ajans koleksyon.
  • Itilize sèlman yon jijman pa defo—yon desizyon tribinal la pran pandan w pa la—kòm prèv dèt la. Si kolektè dèt yo pa ka pwodwi dokiman ki verifye dèt la, dèt la ap konsidere pa verifye, epi yo dwe voye ba ou yon Avi Sou Dèt Ki Pa Verifye.

Enpòtan: Si yo transfere dosye w la bay yon lòt kolektè dèt, voye yon kopi Avi Sou Dèt Ki Pa Verifye a bay nenpòt moun k ap eseye kolekte dèt sa a.

9. Ou gen dwa pou resevwa enfòmasyon espesifik konsènan dèt medikal yo.

Kolektè dèt yo dwe mete nan Avi Validasyon an yon deklarasyon klè ki endike:

  • Enfòmasyon sou dèt medikal yo pa ka rapòte bay yon ajans evalyasyon kredi.
  • Ou ka kalifye pou aplike pou asistans finansyè pou kèk dèt medikal ki gen rapò ak sèvis lopital anba règleman asistans finansyè lopital yo si ou gen yon revni ki fèb oswa limite.

Ou ka mande enfòmasyon oswa konteste dèt medikal ki gen rapò ak yon sèl ospitalizasyon oswa yon sèl tretman.

Enpòtan: Enfòme kolektè dèt la ak founisè swen medikal la imedyatman si ou kwè ou ka kalifye pou asistans finansyè oswa ou te ka kalifye lè ou te resevwa swen an. Kolektè a pa ka kolekte dèt la epi li ka oblije pran mezi korektif.

10. Ou gen dwa pou resevwa enfòmasyon espesifik konsènan ansyen dèt yo.

Si delè (peryòd limit) pou rekipere dèt la oswa pou pran aksyon legal pou kolekte li ekspire, kolektè dèt la dwe enfòme w alekri anvan li eseye kolekte dèt la. Li dwe enfòme w tou li ilegal, dapre lalwa federal la, pou l pouswiv ou nan tribinal oswa pou l menase w pou l fè sa pou yon ansyen dèt.

Enpòtan: Delè pou pouswiv yon moun nan tribinal pou kèk dèt konsomatè se twa lane. Si y ap pouswiv ou ilegalman nan tribinal pou yon ansyen dèt, konsilte yon avoka oswa yon sèvis èd legal imedyatman epi enfòme tribinal la.

11. Ou gen dwa pou konnen ki enfòmasyon ki nan rapò kredi w.

Kolektè dèt yo dwe avize ou alekri anvan yo rapòte dèt la bay nenpòt ajans evalyasyon kredi (biwo kredi).

Enpòtan: Lwa federal yo pwoteje w lè w konteste enfòmasyon ki nan rapò kredi w.

Konsèy

  • Konsève yon rejis tout apèl yo, ki gen ladan dat, lè, non moun ki rele a, non konpayi an, ak detay konvèsasyon an.
  • Konsève kopi tout dokiman ak lèt yo, tankou Avi Validasyon ak Avi Dèt Ki Pa Verifye.
  • Pa inyore lèt koleksyon yo; fè respekte dwa ou yo!
  • Menm si ou konteste yon dèt oswa ou mande yon verifikasyon vèbalman, toujou konfime demann ou an alekri atravè lapòs ki sètifye pou ou ka kenbe yon prèv.
  • Egzije pou resevwa yon Avi Validasyon imedyatman lè yon kolektè dèt kontakte ou. Menm si yo gen senk jou pou yo voye li ba ou, ou ka mande l.
  • Si ou te konteste yon dèt oswa ou te mande yon verifikasyon men ou pa resevwa yon repons apre 60 jou, mande kolektè dèt la pou l voye ba ou yon Avi Dèt Ki Pa Verifye oswa pou l konfime ou y ap prepare l pou voye li.

Resous ak Èd Gratis

Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè Vil New York (DCWP): Ale sou nyc.gov/dcwp epi chèche mo “dèt (debt)” pou jwenn aksè a Glosè Tèm Komen pou Koleksyon Dèt, egzanp Avi Dèt Ki Pa Verifye, ak plis.

Sant Otonomi Finansye nan Vil New York (NYC Financial Empowerment Centers): Ale sou nyc.gov/TalkMoney pou pran yon randevou pou ka jwenn konsèy finansye gratis, konfidansyèl, ak pèsonalize, oswa rele 311 epi di “Konsèy Finansye (Financial Counseling).”

Komisyon Federal Komès (Federal Trade Commission): Ale sou ftc.gov pou aprann sou Lwa sou Rapò Kredi san Patipri (Fair Credit Reporting Act).

Plent

Si yon kolektè dèt vyole dwa ou, ou ka depoze yon plent bò kote DCWP nan youn nan fason sa yo:

  • Ale sou nyc.gov/dcwp
  • Rele 311 epi di “Plent Kont Yon Ajans Koleksyon Dèt (Debt Collection Agency Complaint).”

Enkli kopi tout dokiman ak korespondans ou resevwa nan men kolektè dèt la.

DCWP ofri sèvis li yo ak tout abitan New York yo kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon yo.

Konsènan Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè Vil New York (NYC Department of Consumer and Worker Protection, DCWP)

DCWP se prensipal ajans minisipal ki aplike lalwa nan peyi a, ki gen misyon pou asire jistis ekonomik. Nou bay abitan New York yo yon veritab soulajman ekonomik epi nou pwoteje yo kont pratik abizif, twonpè, ak enjis ki vyole dwa yo antanke konsomatè ak travayè.

DCWP bay ajans koleksyon dèt yo lisans, ki se konpayi prive ki gen responsablite pou kolekte dèt nan men konsomatè NYC yo. DCWP fè aplike regilasyon pwoteksyon konsomatè tankou Règ SHIELD la.

Telechaje Avi nan PDF.

07/2026