lang anglè (English)
Ki sa yon Pwodui Peman Medikal ye?
Yon pwodui peman medikal fèt espesyalman pou peman sèvis swen sante, pwodui, oswa aparèy. Sa yo gen ladan kat kredi, pwodui kredi ak enterè difere, oswa plan peman. Menmsi anjeneral enstitisyon finansye fè pwomosyon pou yo epi vann yo, souvan yo disponib pou enskri ladan yo nan klinik founisè swen sante yo ansanm ak anpil kabinè espesyalize tankou dantis, optometris, dèrmatològ, chirijyen kosmetik oswa chirijyen plastik, spa sante, sant byennèt, ak klinik pou pèdi pwa. Kèk nan pwodui peman medikal ki pi byen konnen yo gen ladan CareCredit, MedKey, Comenity Alphaeon, ak Wells Fargo Health Advantage.
|
Enpòtan: PA JANM enskri pou yon pwodui peman medikal si yo fè presyon sou ou oswa si yo prese ou pou siyen anvan ou kapab revize tout tèm ak kondisyon yo.
|
Anvan Ou Enskri pou yon Pwodui Peman Medikal:
- Mande lòt opsyon peman.
Anvan pwosedi oswa sèvis medikal ou a, founisè swen sante ou dwe ba ou yon lis detaye tout depans yo. Mande sou depans ou peye nan pòch ou epi si gen lòt opsyon peman ki disponib, tankou asirans, Medicaid, plan peman sou tan, oswa lòt plan asistans finansye. Kontakte asirans ou pou konnen sa li pral kouvri. Si founisè ou a pa aksepte asirans ou, mande asirans ou pou rekòmande yon lòt founisè.
Asire ou poze kesyon pou garanti ou konprann egzakteman ki kalite pwodui w ap enskri ladan l. Pa egzanp, si founisè swen ou a pale de yon “plan peman” oswa yon “plan vèsman”, asire ou konprann kiyès ou pral peye, konbyen yo atann ou peye ak selon ki orè, epi ki frè posib ki ka aplike.
- Konprann “enterè difere”.
Si founisè ou a di ou yon kat kredi medikal gen “enterè zewo”, “to pousantaj anyèl zewo (Annual Percentage Rate, APR)”, oswa “enterè difere”, asire ou konnen sa sa vle di an reyalite.
“Enterè difere” anjeneral vle di ou pa peye enterè pandan yon peryòd pwomosyonèl, men si ou pa peye tout balans lan anvan dat limit la, ou peye enterè sou montan orijinal la depi nan dat ou te fè acha a — pa sèlman sou sa ou toujou dwe a. Sa vle di ou ka dwe anpil plis pase depans orijinal tretman an, sèvis la, oswa byen an, epi sa ka rive menm si ou peye montan minimòm kat la chak mwa pandan peryòd pwomosyonèl la.
Pa egzanp, ou fè yon acha $2,500 pou yon pwosedi dantè sou yon kat ki gen 0% enterè pandan 12 mwa. Apre yon ane kote ou fè peman minimòm chak mwa $200, ou rete ak $100 pou peye. Ou ta ka atann ou peye enterè sèlman sou rès $100 ki rete a. Olye de sa, ak enterè difere, an reyalite ou dwe enterè sou tout montan $2,500 la paske ou pa t fin peye tout balans lan anvan peryòd pwomosyonèl la te fini.
- Li kontra a ak anpil atansyon.
Pran tan pou li kontra a byen epi poze founisè ou a nenpòt kesyon sou frè yo, orè ranbousman yo, penalite yo, ak kondisyon ou pa konprann yo. Veye tèm ki anba yo ki ka parèt nan kontra a:
- Kloz Abitraj Obligatwa: Sa fè ou pèdi dwa ou pou pouswiv reklamasyon kont founisè a nan tribinal.
- Konsantman pou Rapò sou Kredi: Sa bay founisè a aksè ak rapò kredi ou, sa ki pèmèt li rapòte nenpòt peman an reta oswa peman ou rate bay yon ajans rapò sou kredi. Sa ka diminye nòt kredi ou.
- Renonsyasyon a Jijman ak Jiri: Sa fè ou pèdi dwa ou pou gen yon jijman ak jiri nan tribinal, epi sa sèlman pèmèt yon jij rezoud ka a.
Si ou pa dakò ak kondisyon yo, pa siyen!
Si ou bezwen asistans nan lang, mande si tradiksyon oswa entèpretasyon disponib anvan ou siyen.
Apre ou fin enskri pou yon pwodui peman medikal
- Revize frè yo.
Tcheke relve kont ou pou wè si gen frè ou pa rekonèt, frè yo pa t fè konnen anvan, oswa pwodui oswa sèvis ou pa t resevwa, epi konteste yo tousuit. Dokimante kontestasyon ou a ni ak biznis peman medikal la ni ak nenpòt pèseptè dèt oswa twazyèm pati ki kontakte ou konsènan kantite lajan yo di ou dwe a.
- Swiv balans lan epi fè peman alè.
Peye alè epi peye tout montan an. Peman minimòm chak mwa yo ka sanble abòdab, men fè atansyon ak enterè difere lè tout balans lan pa peye anvan peryòd pwomosyon an fini. Rate yon peman ka afekte nòt kredi ou epi limite aksè ou ak kredi alavni.
- Kenbe dosye yo.
Konsève aplikasyon ou, lèt, kontra, deklarasyon, resi, oswa nenpòt dokiman ou resevwa nan men kat kredi medikal, founisè swen sante, ak pèseptè dèt. Si yon bagay pa sanble nòmal, depoze yon plent bay (Department of Consumer and Worker Protection, DCWP).
|
Ou bezwen èd pou fè bidjè oswa pou peye dèt medikal? Jwenn konsèy gratis, konfidansyèl, ak pèsonalize nan men konseye finansye pwofesyonèl nou yo. Pran yon randevou nan nyc.gov/TalkMoney.
|