Deklarasyon Dwa Konsomatè Konsènan Founisè Sèvis Asistans pou Imigrasyon

lang anglè (English)

Deklarasyon Dwa Konsomatè Konsènan Founisè Sèvis Asistans pou Imigrasyon

Founisè Sèvis Asistans pou Imigrasyon yo se moun oswa biznis ki fè peye yon frè pou nenpòt kalite sèvis ki gen rapò ak imigrasyon. Yo pa avoka, epi jeneralman Depatman Jistis Etazini (U.S Department of Justice) pa ni rekonèt yo, ni akredite yo.

Yo pa Kapab:

  • Bay okenn konsèy jiridik sou yon zafè imigrasyon, tankou konsèy sou chwa fòmilè ajans gouvènmantal pou avantaj ki gen pou wè ak imigrasyon.
  • Reprezante ou nan yon tribinal oswa devan gouvènman federal la oswa okenn otorite imigrasyon.

Yo Kapab:

  • Bay sèvis tradiksyon.
  • Ede ou sanble dokiman.
  • Fè kopi dokiman pou aplikasyon ou a.

Si ou itilize yon Founisè Sèvis Asistans pou Imigrasyon, ou gen dwa pou jwenn:

Yon kontra ekri. Founisè a oblije eksplike ou kontra a ak reponn nenpòt kesyon ou genyen. Kontra a dwe:

  • Nan yon lang angle senp oswa nenpòt lòt lang founisè a diskite sèvis yo ak ou. 
  • Gen yon lis tout sèvis w ap resevwa yo ak frè ak pri pou chak sèvis detaye.
  • Gen yon “Fòm pou Anile” (Cancellation Form) kontra a sou yon dènye paj separe.
  • Siyen.

Yon resi. Founisè a dwe ba ou yon resi ki gen:

  • Dat la
  • Non legal ak adrès founisè a
  • Detay sou lajan ou te peye pou chak sèvis
  • Kantite taks, si genyen
  • Total montan ou peye

Yon ranbousman. Nan twa (3) jou apre ou siyen yon kontra ak yon founisè, ou ka anile li san okenn sanksyon epi li dwe remèt ou 100% lajan ou a 
amwenske ou abandone dwa sa a alekri paske gen yon pwoblèm imigrasyon espesifik ki ijan. Ou ka anile epi fè li remèt ou lajan ou nenpòt ki lè pou sèvis ou pa te jwenn oswa depans li pa te peye pou ou. Si ou anile kontra a, founisè a dwe remèt ou tout dokiman orijinal ou yo tou.

Fòm gouvènman gratis. Fòmilè imigrasyon federal yo disponib sou sitwèb Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Ozetazini (U.S. Citizenship and Immigration Services, USCIS) la uscis.gov. Li ilegal pou yon founisè mande ou peye pou fòm gouvènman gratis.

Kopi dokiman pou ou kenbe. Founisè a dwe ba ou kopi tout papye ak fòm li te prepare pou ou yo lè ou mande li yo epi li pa sipoze fè ou peye pou yo. Founisè a dwe ba ou kopi dokiman li soumèt bay yon ajans gouvènman oswa sa li resevwa nan men yo nan de (2) semèn apre li soumèt yo oswa resevwa yo.

Enfòmasyon. Founisè a pa dwe pataje enfòmasyon ou oswa soumèt dokiman ou nan non ou san konsantman ou, amwenske lalwa egzije pou pataje oswa soumèt enfòmasyon yo. Si lalwa egzije pou founisè a soumèt oswa pataje yon enfòmasyon, founisè a dwe enfòme ou alekri.

Lajan si founisè a fè ou yon bagay ki mal. Founisè yo dwe gen yon kosyon pou garanti pwoteksyon ou. Ou ka ale nan tribinal pou rekipere lajan nan men founisè a oswa konpayi kosyon li a.

Referans jiridik gratis.

Ou ka rele liy dirèk Biwo Nouvo Ameriken an (Office of New Americans) nan 1-800-566-7636, Biwo Pwokirè Jeneral Eta New York (New York State Office of the Attorney General) la nan 1-800-771-7755, oswa pwokirè distri lokal la oswa pwokirè a pou yon referans gratis.

Kontakte 311 pou depoze yon plent sou yon biznis k ap bay sèvis pou imigrasyon.

Ou pa oblije bay non ou oswa sitiyasyon ou ak imigrasyon ou pou pote yon plent. 311 ka resevwa koutfil yo nan plizyè diferan lang. Epi tou ou ka depoze yon plent oswa jwenn plis enfòmasyon nan nyc.gov/dcwp.




Telechaje Avi nan PDF.

05/2023