
Department of Homeless Services311
Search all NYC.gov websites
Tout fanmi ki gen timoun ki poko gen 21 an, fanm ansent oswa fanmi ki gen fanm ansent ladan dwe aplike pou chèltè nan sant dakèy DHS pou Asistans pou Prevansyon ak Lojman Tanporè (Prevention Assistance and Temporary Housing, PATH).
Adrès PATH se:
151 East 151st Street Bronx, NY 10451
718-503-6400
Pou w ale la, pran tren 2, 4, oswa 5 pou 149th Street/Grand Concourse Station.
PATH louvri chak jou 24 èdtan pa jou, ansanm ak tout wikenn ak jou ferye. Yo travay sou aplikasyon yo chak jou ant 9:00 a.m. ak 5:00 p.m. Gen sèvis gratis ak konfidansyèl pou lang, ansanm ak sèvis entèpretasyon langaj siy ki toujou disponib.
Fanmi k ap aplike pou abri nan PATH dwe pote idantifikasyon pou tout moun nan kay la.
Pou w jwenn plis enfòmasyon sou PATH, telechaje bwochi nou an
Yon fanmi ki gen moun majè se nenpòt fanmi ki pa gen timoun minè. Sa gen ladan koup marye, koup ki plase, paran ak timoun ki gen plis pase 21 an, frè ak sè oswa
moun ki ka pwouve yo gen yon relasyon "swen" (ki bay sipò emosyonèl, fizik oswa
medikal). Fanmi yo dwe te viv ansanm pandan sis (6) mwa omwen ane pase.
Fanmi ki gen moun majè yo dwe aplike pou abri nan:
333 Bowery
New York, NY 10003.
Pou w ale la, w ap pran B, D, F, M rive Broadway-Lafayette (5–7-minit mache). Pran tren nimewo 6 la pou w ale nan Bleeker Street (7–9 minit mache).
AFIC ouvri 24 èdtan pa jou, ansanm ak tout wikenn ak jou ferye. Gen sèvis gratis ak konfidansyèl pou lang, ansanm ak sèvis entèpretasyon ki toujou disponib.
Tout manm nan fanmi an dwe pote prèv idantifikasyon valab ak yon lis adrès kote yo te rete anvan an, ansanm nenpòt prèv ki disponib pou kote y ap viv kounye a.
Tout moun majè selibatè yo dwe aplike pou abri nan:
8 E. 3rd Street
New York, NY 10003
Pou w rive la, pran tren 6 la pou w ale Spring Street (4 minit mache), tren 6 la pou ale nan arè Bleeker Street (4-7 minit mache), B, D, F, M pou ale nan arè Broadway-Lafayette Street (5 minit mache).
Sant admisyon pou moun majè selibatè a ouvè 24 sou vennkat, ki gen ladan tout wikenn ak jou ferye.
Fi ki majè e ki selibatè ka aplike pou abri nan youn nan de kote ki annapre yo:
HELP Women's Center
114 Snediker Avenue
Brooklyn, NY
Pou w rive la, pran tren L a pou rive Atlantic Ave (5 minit mache) oubyen pran yon tren pou rive Liberty Ave (8 minit mache).
Abri Franklin (Franklin Shelter):
1122 Franklin Avenue (toupre 166th Street) Bronx, NY 10456
Pou w ale la, pran tren 2 pou 149th Street oswa otobis BX55 pou 166th Street ak 3rd Avenue.
Moun majè selibatè yo dwe retounen nan abri yo te pwograme pou yo anvan an, si se la yo te voye yo pandan dènye 365 jou yo.
Biwo Medyatè a ka ede rezoud pwoblèm abri, ak pwoblèm konsènan sitiyasyon sanzabri. Reprezantan Sèvis Elektè yo (Constituent Services) ka ede w:
Yo endepandan epi yo pa travay pou founisè chèltè yo. Elektè yo ka kontakte Biwo Medyatè a nan kat fason:
Pou jwenn plis resous pou ede w rete nan kay ou ladan kounye a, klike la pou w ale sou sit entènèt Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration) Vil Nouyòk.