Haitian Creole

Resous nan Lang ou

Byenveni nan Sitwèb Depatman Pwoteksyon Anviwònman Vil New York (New York City Department of Environmental Protection, DEP). Misyon nou se anrichi anviwònman an epi pwoteje sante piblik pou tout rezidan New York kote noubay bon kalite dlo pou bwè, jere dlo ize ak dlo lapli, epi diminye polisyon nan lè a, bri, ak materyèl danjere. Pifò nan kontni sou sit entènèt sa a se nan lang angle. Paj sa a ap ede ou konprann ki jan pou w wè kontni sit entènèt nou an ak dokiman nou yo nan lang ou.

Si ou gen nenpòt kesyon, kòmantè, oswa enkyetid, tanpri rele 311.

Fason pou sèvi ak Google Translate

Pou Navige sitwèb DEP a sou yon aparèy biwo avèk fonksyon Google Translate la:

  1. Nan nenpòt paj, klike sou Translate sou bò dwat nan kwen anwo ekran ou an pou wè yon lis lang ki disponib. Klike sou lang ou pou w ka chwazi li.
  2. Tèks sou pajwèb la ka chanje, men kèk grafi ak imaj p ap chanje.

Tanpri sonje fonksyon Google Translate lan se yon tradiksyon otomatik sou òdinatè ki gendwa pa egzakteman menm kontni ki sou pajwèb nou an. DEP pa garanti presizyon tradiksyon ki fè ak Google Translate yo.

Sèvi Pòtay Dokiman an

Pou wè dokiman (tankou PDF) ki te tradui pwofesyonèlman nan lang ou, ou ka vizite Pòtay Dokiman nou an. Pou Itilize Pòtay Dokiman an:

  1. Ale sou pajwèb Pòtay Dokiman an.
  2. Lè w ap rive sou fen paj sa a, navige nan lis dewoulan ki rele Language lan. Klike anndan bwat la pou wè yon lis lang ki disponib yo. Ale sou lang ou epi chwazi li.
  3. Klike sou bouton ki di Submit lan.
  4. Tout dokiman ki te tradwi nan lang ou ap parèt kòm rezilta.
  5. Pou chak rezilta, klike sou lyen ki koresponn ak lang ou a pou wè dokiman an nan navigatè ou a.