Office of Chief Medical Examiner311Search all NYC.gov websites

Konsènan

  • Otorite ak Responsablite yo
    • Biwo Medsen Lejis Anchèf la (OCME, Office of Chief Medical Examiner) responsab pou mennen ankèt sou lanmò tout moun nan Vil New York ki rive akoz vyolans kriminèl, aksidan, suisid, sibit lè moun lan parèt an sante, lè yon doktè pa ba li swen, nan yon prizon, oswa nan nenpòt mannyè ki pa nòmal oswa ki sispèk. OCME egzamine tou tout aplikasyon pou yon pèmi pou boule kò nenpòt moun ki mouri nan Vil New York. OCME jwe wòl mòg pou Vil la. Li gen yon manda legal pou li pran sou responsablite li tout kadav yo pa idantifye ak reklame nan senk (5) minisipalite yo. Anplis, OCME ap dirije pi ansyen laboratwa toksikoloji ki okipe zafè otopsi nan peyi a. Se sèl laboratwa piblik ki okipe zafè jenetik molekilè nan peyi a ki chita kò li nan yon biwo medsen lejis. Epi, li se laboratwa ADN Vil la, ki responsab pou teste prèv fizik yo nan zafè kriminèl yo nan senk (5) minisipalite yo.
  • Kontakte OCME
    • Pou asistans jeneral, tanpri rele nan: 212-447-2030
    • Si ou se yon manm laprès, tanpri kontakte:
    • Adrès Sant Sèvis pou Fanmi yo:
      • Sant Sèvis pou Fanmi OCME yo chita kò yo nan toulè senk (5) minisipalite Vil New York yo. Yo ka mande fanmi yo pou yo ale nan yon Sant Sèvis pou Fanmi pou yo fè yon idantifikasyon ak je yo, oswa pou yo bay ak/oswa resevwa plis enfòmasyon sou zafè a.
      • Sant Sèvis pou Fanmi yo louvri chak jou nan semèn lan, ki gen ladan jou wikenn ak jou ferye yo, ant 9è AM ak 5è PM. Yo ka jwenn tout sant yo nan telefòn nan 212-447-2030.
        • NYU Langone Medical Center Campus
          520 First Avenue
          New York, NY 10016
        • Kings County Hospital Center Campus
          599 Winthrop Avenue
          Brooklyn, NY 11203
        • Seaview Hospital Campus
          460 Brielle Avenue
          Staten Island, NY 10314
          Bronx Family Services Center
          260 East 161 Street
          4th Floor
          The Bronx, NY 10451
        • Queens Hospital Center Campus
          160-15 82nd Drive
          Jamaica, NY 11432
        • Enfòmasyon pou fanmi – Idantifikasyon, chèche fanmi, antèman nan vil
    • Pou Fanmi ak Zanmi yo:
      • OCME sèvi fanmi ak kominote yon lanmò sibit ki ckokan frape. Nou bay tout moun nou sèvi yo asistans nan kè sansib, diyite ak respè.
      • Fanmi yo resevwa asistans nan Sant Sèvis pou Fanmi yo nan senk (5) minisipalite yo. Gwo enkyetid fanmi OCME ap bay sèvis yo se zafè idantifikasyon ak reklamasyon kò pwòch yo.
    • Idantifikasyon:
      • Yo dwe fòmèlman idantifye chak kò OCME resevwa.  Souvan, se yon fanmi oswa yon moun ki konnen moun lan ki gade li pou idantifye li.  Yo ka idantifye moun lan kote li mouri a, oswa nan yon foto ki nan youn nan Sant Sèvis pou Fanmi nou genyen nan senk (5) minisipalite yo. Yo ka idantifye moun lan tou ak anprent li, radyografi dan ak/oswa medikal li, oswa ADN li.
    • Chèche fanmi
      • OCME gen yon inite Ankèt pou Chèche Fanmi ki la pou chèche paran pwòch yo yon fason pou rann li fasil pou idantifye kò yo epi bay moun ki mouri yo pou yo pran desizyon final la.
    • Antèman nan Vil
      • Responsablite OCME antanke mòg Vil la se pran swen tout kadav ki sou responsablite nou nan diyite ak respè. Nan kad travay sa a, ka gen moman kote yo pa idantifye ak/oswa reklame kadav yo.
      • Piske objektif nou se akeyi plizyè rezidan New York pandemi COVID-19 la frape, Biwo Medsen Lejis Anchèf Vil New York la (OCME) pral estoke kò moun ki mouri yo pou yon ti moman jiskaske fanmi yo anmezi pou yo fè aranjman pou yo pran desizyon final la. Nou kontinye travay ak fanmi yo pou nou satisfè bezwen yo pandan moman difisil sa a.
  • Kesyon Moun Souvan Poze yo:
    • Poukisa yo pote yon kò moun ki mouri nan Biwo Medsen Lejis Anchèf la?
      • Yo pote kò moun ki mouri yo nan biwo sa a paske lalwa mande pou Medsen Lejis Anchèf la ankete sou lanmò moun ki mouri akoz vyolans kriminèl, nan aksidan, suisid, sibit lè yo parèt an sante, lè yon doktè pa ba yo swen, nan yon prizon, oswa yon mannyè ki pa nòmal oswa ki sispèk. Medsen lejis la responsab pou li detèmine kòz lanmò a ak fason li rive.
      • Yo ka pote yon kò nan Biwo Medsen Lejis Anchèf la tou si yo pa konnen idantite moun ki mouri a oswa paran pwòch la. Biwo a kenbe kò a pandan yon peryòd tan rezonab anvan yo fè antèman an nan Simityè Vil la oswa jiskaske yo kapab jwenn paran pwòch la pou pwouve idantite li epi fè aranjman pou fè antèman an.
    • Konbyen tan pou tann pou idantifye yon kò?
      • Yon manm ekip Idantifikasyon pral wè ak ou pi rapid posib. Inite Idantifikasyon an travay sèt jou sou sèt, jou wikenn ak jou ferye yo, ant 9è AM ak 5è PM.
      • Ou ka jwenn tout sant yo nan telefòn nan 212-447-2030
    • Kisa yon otopsi ye?
      • Yon otopsi se yon egzamen sistematik yon patolojis ki kalifye fè sou kò yon moun ki mouri. Lè yo fè yon otopsi, sa pa anpeche moun wè kò a pandan antèman an. Yo enspekte kò a pou wè si gen tras maladi oswa blesi; yo ka pran echantiyon ògàn vital yo ak/oswa likid kò yo pou fè tès nan mikwoskòp, tès chimik oswa lòt tès. Nan kèk ka, yo ka kenbe yon ògàn tankou sèvo oswa kè a pou yo fè plis tès dyagnostik.
      • Yo fè tès dyagnostik sa yo apre yo fin bay paran pwòch la kò a. Apre yo fin bay paran pwòch la kò a, yon fanmi ka kontakte Biwo Medsen Lejis Anchèf la pou li mande yo remèt li nenpòt ògàn ak/oswa echantiyon chè.
      • Yo fè yon rapò alekri sou rezilta otopsi yo ki gen ladan tès nan mikwoskòp ak tès laboratwa yo, ak rapò konsiltan yo. Kopi rapò sa yo disponib si paran pwòch la oswa lòt moun ki gen otorizasyon yo mande yo.
    • Poukisa li posib pou yo fè yon otopsi? Èske yon otopsi nesesè?
      • Prensipal objektif yon otopsi se detèmine kòz lanmò a ak fason li rive. Men kèk nan kesyon patolojis yo ap chèche reponn:
      • Èske se yon maladi, blesi, yon melanj toude ki lakoz lanmò a, oswa se yon lòt kòz?
        •  
          • Lè se pwodui chimik ki lakoz lanmò a, èske nou kapab pran echantiyon biyolojik yo pou fè tès nan laboratwa a, epi evalye efè pwodui chimik yo sou ògàn vital yo?
        • Lè se yon blesi nan kò ki lakoz lanmò a, èske nou kapab rekonstui ensidan ki lakoz lanmò a?
      • Yo jeneralman fè otopsi a jan medsen lejis la vle a. Epi, otopsi a fèt nan enterè piblik la, ak fanmi an, pou li reponn yon pil ak pakèt kesyon ki ijan ak enpòtan.  Yo souvan mande pou yo fè otopsi yo pou ranpli wòl ak responsablite jiridik, medikal ak piblik ajans lan.
      • Nan sitiyasyon kote paran pwòch la pa dakò pou yo fè yon otopsi, OCME ap fè tout sa li kapab pou li respekte opozisyon sa a. Si fanmi an pa dakò paske li gen yon rezon valab ki gen pou wè ak relijyon epi OCME detèmine yo ta dwe fè yon otopsi, yo pral bay paran pwòch la yon chans pou li pran yon avoka, si li vle, epi prezante opozisyon li an devan yon jij ki pral detèmine si yo ap fè yon otopsi.   Opozisyon pou pa fè otopsi ki pa chita sou kwayans relijye pa kanpe sou anyen devan lalwa.
    • Ki kote yo kenbe byen pèsonèl moun ki mouri a?
      • Si yo jwenn yon byen pèsonèl sou kò yon moun ki mouri, yo pral bay ponp finèb la byen an lè yo bay kò moun lan.
      • Si yon moun mouri dèyè do fanmi li, oswa li pa gen fanmi, yo ap pote tout byen pèsonèl yo nan sikonskripsyon kote moun lan te mouri a. Apresa, y ap transmèt li bay Moun k ap resevwa Byen nan Depatman Lapolis Vil New York ("NYPD").
      • Si moun lan te mouri pandan li nan lopital oswa mezon retrèt la, oswa yo te deklare li mouri pandan li rive nan yon lopital, yo pral sovgade byen pèsonèl la nan lopital la oswa mezon retrèt la. Ekip OCME a pral ba ou non ak nimewo telefòn administratè lopital la.
      • Si lanmò a se yon omisid oswa se yon lanmò ki sispèk, NYPD ka kenbe byen pèsonèl yo jiskaske ankèt la ak/oswa pousuit kriminèl la fini.
    • Kijan mwen kapab jwenn yon kopi Rapò Otopsi a?
      • Ou ap jwenn rapò otopsi ki fèt la (ki gen ladan tout rapò laboratwa yo mete selon referans) sèlman lè ou fè yon demann alekri.  Tanpri ranpli Fòm demann otopsi sa a.
      • Nòt: Se sèl paran pwòch la oswa pwokirè a yo pral bay rapò otopsi yo. Sinon, paran pwòch la dwe bay otorizasyon alekri pou yo pataje rapò otopsi a ak nenpòt lòt moun.
      • Si paran pwòch la vle pou yo voye rapò otopsi yo bay yon moun ki pa oumenm (pa egzanp, bay yon avoka oswa yon konpayi asirans), siyati moun lan sou fòm demann lan DWE NOTARYE.
    • Kiyès mwen kapab rele si mwen gen kesyon medikal/syantifik konsènan yon Rapò Otopsi mwen resevwa?
      • Tanpri rele nan 212-447 2030, epi peze 3 pou yo ka voye ou al jwenn medsen lejis ki te fè otopsi a.
    • Èske gen nenpòt frè mwen ta dwe konnen?
      • Pa gen okenn frè fanmi an ap peye pou sèvis Biwo Medsen Lejis Anchèf la bay.