Click a topic, or press the enter key on a topic, to reveal its answer.
Kijan pou m prepare pou maladi kowonaviris 2019 (COVID-19) si m gen yon bèt kay?
Pran tan kounye a pou planifye ak prepare bèt kay ou pou sizoka ou pa kapab pran swen bèt kay ou ankò oswa ou oblije ale lopital akòz COVID-19. Pou jwenn yon gid ou kapab telechaje epi ranpli pou ede ou fè planifikasyon pou bèt kay ou pou ijans, ale sou nyc.gov epi chèche « pets and service animals » (bèt kay ak bèt sèvis).
Fè yon Plan — Prepare pou yon Ijans Sante Moun:
- Chwazi yon moun ou fè konfyans pou pran swen bèt kay ou (fanmi, zanmi, vwazen, kòlèg). Moun ou idantifye pou pran swen bèt kay ou an dwe gen yon je kle kay ou, li dwe abitye avèk kay ou ak bèt kay ou an, li dwe konnen plan dijans ou, epi li gen enfòmasyon pou kontakte ou.
- Ekri enfòmasyon enpòtan konsènan bèt kay ou pou yo ka jwenn aksè nan yo fasilman pandan yon ijans.
- Prepare yon Valiz pou Deplasman pou chak bèt kay ki gen ladan manje debaz, founiti, medikaman, idantifikasyon, yon lis kontak pou ijans, enfòmasyon pou kontakte veterinè ou, ak prèv vaksinasyon.
- Konsève yon kolye/ekipay, kòd, ak Valiz pou Deplasman bèt ou an nan yon kote yo ka jwenn yo byen fasil.
- Prepare kaj, manje, sab anplis pou chat fè bezwen, ak lòt founiti pou deplasman rapid bèt kay.
- Si ou gen vwazen ki bezwen èd, ofri pou akeyi oswa pou mache chyen yo.
- Mete vaksen bèt yo ajou (Laraj, Bordetella) sizoka li vin nesesè pou mete yo nan pansyon.
- Si bèt kay ou ap pran medikaman, mande veterinè ou yon pwovizyon anplis.
- Asire tout medikaman yo ak dòz yo make, ansanm ak esplikasyon pou bay yo.
- Si ou pa gen lakou, asire ou gen aladispozisyon ou pwodui netwayaj anplis ak papye jounal oswa tapi pou ti chyen fè bezwen yo si ou pa ka sòti nan kay ou pou mache chyen ou.
Asire gen Bon Idantifikasyon:
- Chyen ak chat yo dwe mete toutan yon kolye oswa ekipay, etikèt pou laraj, ak etikèt idantifikasyon. Etikèt idantifikasyon yo dwe gen sou yo non ou, adrès ou, ak nimewo telefòn ou, ak nimewo telefòn yon kontak pou ijans.
- Asire ou maykwotchip bèt kay ou anrejistre epi li ajou.
Swen Veterinè:
- Anpil klinik ak lopital veterinè te ajiste pratik yo pou adopte direktiv distans sosyal anrapò ak COVID-19. Si bèt kay ou bezwen swen, rele veterinè ou toudabò pou konnen kijan pou ou fè.
Èske mwen ka pran COVID-19 nan men bèt kay mwen?
Aktyèlman, pa gen okenn prèv ki endike bèt konpayon yo, tankou bèt kay yo, kontribiye nan pandemi COVID-19 lan; viris ki lakòz Covid-19 lan sanble transmèt sèlman de yon moun a yon lòt moun. Chat ak chen yo ka enfekte, epi gen kèk rapò sou chat ki vin malad. Men, nan moman kounye a, pa gen okenn rapò sou bèt konpayon ki gaye COVID-19 bay moun.
Èske pwal yon bèt kay transmèt viris ki lakòz COVID-19 lan?
Pa gen rapò ki endike viris ki ka lakòz maladi respiratwa yo, sa ki gen ladan COVID-19, ka transmèt apati pwal yon bèt kay.
Mwen malad ak COVID-19 epi mwen gen yon bèt kay. Kisa mwen dwe fè?
Pa gen okenn prèv aktyèlman ki endike bèt kay yo ka transmèt COVID-19. Men, akòz kèk rapò sou moun ki pwopaje COVID-19 lan bay bèt kay yo, li pi bon pou limite kontak avèk bèt kay ou yo si ou malad. Kenbe separasyon ant bèt kay ou yo menm jan ou ta fè pou lòt moun yo nan kay la. Si sa posib, fè yon lòt moun nan kay ou oswa yon lòt moun ou fè konfyans pran swen bèt ou yo pou ou pandan ou malad. Si ou oblije pran swen bèt kay ou oswa ou oblije ozalantou bèt ou yo pandan ou malad, lave men ou anvan ak apre ou fin kominike avèk yo. Evite anbrase, bo, ni pataje manje avèk bèt kay yo; evite touse oswa etènye sou bèt kay ou; epi evite pèmèt melanje bèt ki soti nan kay diferan. Lave atik kote bèt yo dòmi, kòd, kolye, asyèt ak jwèt yo menm jan ou ta netwaye lòt sifas yo lakay ou. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou cdc.gov epi chèche « if you have animals » (si ou gen bèt).
Si ou gen lòd pou ale nan karantèn oswa ou bezwen èd pou pran swen bèt konpayon ou paske ou nan yon otèl oswa ou an karantèn lakay ou epi ou pa ka soti pou Mennen chen ou an pwomennen, ou ka kontakte monitè Teste ak Trase ou a oswa navigate resous ou ap ou yon referans pou swen bèt.
Èske moun ka bay bèt yo viris sa a, epi si yo kapab, ki bèt ki gen risk?
N ap aprann toujou sou nouvo kowonaviris sa a ak fason li gaye. Gen rapò Ozetazini ki endike moun ki gen COVID-19 pwopaje li bay bèt, sa gen ladan tig ak lyon nan Zou Bronx lan ak de (2) chat konpayon nan fwaye diferan. Plis etid nesesè pou konprann si COVID-19 ta ka afekte diferan bèt ak kijan li ta afekte yo.
Kisa m dwe fè si m panse bèt mwen gen viris la?
Rele klinik veterinè ou pou nenpòt kesyon sou sante bèt ou an. Pou garanti klinik veterinè a prepare pou bèt kay la, gadyen an dwe rele davans epi fè aranjman pou vizit nan lopital oswa klinik lan. Si ou malad, pa mennen bèt kay ou nan veterinè oumenm. Asire ou veterinè ou an konnen si bèt ou an te ekspoze ak yon moun ki malad avèk COVID-19, ak si bèt ou an montre nenpòt siy maladi. Veterinè ki kwè yo ta dwe teste yon bèt ap kontakte responsab sante Eta a ki pral travay ak otorite sante piblik ak sante bèt yo pou deside si yo ta dwe pran ak teste echantiyon.
Èske veterinè ak magazen founiti pou bèt yo louvri pou biznis?
Fonksyònman swen esansyèl veterinè, detayan manje pou bèt kay, ak chèltè bèt, yo konsidere yo tout kòm sèvis endispansab nan Eta New York, pakonsekan yo egzante nan Dekrè Egzekitif « PAUSE » (sispansyon) la. Pou jwenn plis enfòmasyon sou fonksyònman pou bèt ki egzante yo, ale sou agriculture.ny.gov epi chèche « Interim Guidance for Animal Care Operations » (direktiv pwovizwa pou operasyon swen bèt)
Kijan pou mwen pratike distans (fizik) sosyal pi byen avèk yon bèt kay?
Lè w ap mache chyen ou, kenbe omwen 6 pye distans ant oumenm ak lòt moun. Sonje tou lalwa nan NYC mande pou chyen ou nan yon kòd ki pa pi long pase 6 pye. Sito ou lakay ou, pratike bon ijyèn men epi lave men ou avèk savon ak dlo. Respekte machaswiv jeneral Depatman Sante a ki mande pou mete pwoteksyon figi lè ou deyò nan kominote a pandan w ap mache chyen an. Menm moun ki pa santi yo malad oswa ki pa montre okenn sentòm kapab gaye viris la.
Èske mwen ka adopte oswa akeyi toujou yon bèt nan yon chèltè bèt?
Wi. Pa gen prèv ki montre okenn bèt konpayon reprezante yon posiblite sous pou COVID-19, bèt chèltè yo ladan tou. Anpil chèltè bèt ak sovtaj bèt kontinye chèche kandida pou fanmi plasman ak adopsyon. Pou jwenn plis enfòmasyon sou operasyon mizajou Animal Care Centers of NYC ak règleman sou adopsyon/fanmi plasman, ale nan nycacc.org/help.