Maladi Kowonaviris 2019 (COVID-19)

Foto yon mesye ki chita nan yon bis, avèk mask sou figi li. Tèks la: COVID-19 la toujou. Pran prekosyon pou pwoteje tèt ou.

[ View information about COVID-19 in English ]

Toujou gen transmisyon COVID-19 nan Vil New York ak toupatou nan Etazini.

Ou ka suiv jan COVID-19 ap simaye ak ki kantite moun nan vil la ki pran vaksen sou paj COVID-19: Data nou an.

Vaksen yo

Vaksinasyon se zouti ki pi enpòtan nou genyen pou sispann pwopagasyon an, e li pi fasil toujou pou pran vaksen an kounye a. Chak moun ki pa vaksinen nan NYC e ki gen omwen 5 an kapab pran yon vaksen gratis jodi a nan youn nan plizyè santèn kote k ap fè vaksinasyon nan vil la. Moun New York yo kapab chwazi resevwa vaksinasyon tou lakay.

Piki vaksen rapèl yo disponib pou tout moun ki fin vaksinen nèt ki gen omwen 12 an. Piki sa yo ranfòse iminite ou te jwenn nan yon seri vaksinasyon inisyal.

Tès

Tout moun dwe fè tès:

  • Imedyatman si ou gen sentòm COVID-19 yo.
  • Senk jou apre ou te genyen kontak pwòch (ou te a yon distans mwens pase 6 pye pandan omwen 10 minit sou yon peryòd 24 èdtan) avèk yon moun pandan li te genyen COVID-19.
  • Anvan ak apre ou vwayaje oswa ale nan yon reyinyon, sitou si ou ak lòt moun yo pa vaksinen oswa pa ajou avèk vaksen nou yo, oswa gen risk fè COVID-19 grav.

Moun ki vaksinen dwe fè tès kanmenm. Vaksen kont COVID-19 yo pa ka fè tès ou a pozitif.

Prevansyon

Pi bon fason pou pwoteje tèt ou ak moun ki antoure ou yo kont COVID-19 se pran vaksen.

Si ou pa vaksinen, pote kole pou ede anpeche COVID-19 simaye nan NYC gras a kèk prekosyon chak jou. Sa ki pi enpòtan, mete mask nan tout kote piblik, deyò ak andedan.

COVID-19: Kat pou Plamen sou Prevansyon Pwopagasyon an (PDF)

Moun ki Anba Pi Gwo Risk pou Maladi Grav

Maladi grav vle di moun ki gen COVID-19 la ka bezwen ospitalizasyon, swen entansif, oswa yon respiratè atifisyèl pou ede li respire, oswa li ka menm mouri. Moun ki gen plis risk maladi grav dwe kontwole sante yo byen. Risk pou maladi grav akòz COVID-19 ogmante avèk laj, kote granmoun ki pi aje yo anba pi gwo risk.

Moun Ansent

Moun ki trape COVID-19 pandan yo ansent gen plis chans vin malad grav oswa mouri anba COVID-19. Maladi grav la gen dwa gen ladan ospitalizasyon, swen entansif oswa nesesite pou respiratè atifisyèl.

Yo rekòmande vaksinasyon kont COVID-19 pou tout moun ki gen omwen 5 an, sa gen ladan moun ki ansent, ki te fèk ansent, k ap bay tete oswa ki vle vin ansent. Avantaj ki genyen nan pran vaksen kont COVID-19 la pandan gwosès la peze plis nan balans la pase tout risk yo konnen vaksinasyon an genyen oswa ki posib pou li genyen ladan.

Pa sote randevou swen sante ou pandan oswa apre gwosès la. Si ou malad oswa ou gen sentòm COVID-19 yo pandan tranche, kontakte sant akouchman w lan anvan ou rive.

  • Gwosès: Aprann ki diferan risk COVID-19 ki genyen pou moun ansent ak ki èd ki disponib.

Tretman yo

Tretman kont COVID-19 la disponib pou tout moun ki gen omwen 12 an ki gen tès COVID-19 pozitif. Tretman an gratis e yo ka livre li lakay ou anvan 24 èdtan. Tretman sa yo ka redui sentòm yo e ede evite w ale lopital.

Pou plis enfòmasyon, gade paj Tretman nou an.

Sante Mantal

Pandemi COVID-19 la te lakòz estrès, epwizman ak ansyete pou Moun New York yo. Antan w ap kontinye pwoteje sante ou ak kominote ou, li enpòtan pou ou pwoteje sante mantal ou epi pou ou pran konsyans sou itilizasyon alkòl ak sibstans ou.

Genyen zouti ak sipò ki disponib pou ede ou fè fas.

Konsèy pou ou Fè Fas Chak Jou

  • Konnen fason estrès, twomatis ak chagren kapab afekte fason ou santi ou:
    • Fizik: Fatig, maltèt, batman kè rapid ak agravasyon pwoblèm medikal ki te egziste avan yo
    • Emosyonèl: Santiman tristès, dezespwa, anksyete, kòlè ak iritabilite
    • Mantal: Konfizyon, mank memwa ak difikilte pou konsantre oswa pran desizyon
    • Konpòtmantal: Pa aji jan ou abitye aji nòmalman, ajitasyon, diskisyon ak chanjman nan alimantasyon, nan dòmi ak nan toksikomani
  • Konsantre sou pati lavi ki anba kontwòl ou. Kenbe woutin ou yo, mete mask sou figi ou epi pratike distans fizik.
  • Rete konekte avèk moun ki ka sipòte ou ak kominote ki ozalantou ou yo.
  • Raple tèt ou de fòs ou yo ak fason ou te jere lòt sitiyasyon difisil yo.

Pou ou pale avèk yon pwofesyonèl ki fòme ki kapab ba ou sipò ak referans pou swen, kontakte NYC Well oswa NY Project Hope (Pwojè Espwa New York la).

Pou plis enfòmasyon, ale sou paj Sante Mantal ak Toksikomani nou an.