View information about COVID-19 in English
Vaksen yo redui risk enfeksyon epi yo bay anpil rezilta nan anpeche maladi COVID-19 grav, ospitalizasyon, ak lanmò. Y ap ba ou vaksen yo gratis kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon ou.
Vaksinasyon an gen mwens danje pase risk tonbe malad la ak efè segondè alontèm COVID-19 yo. Menm moun ki te gen COVID-19 deja ta dwe pran vaksen an kanmenm.
Tout moun dwe rete ajou ak vaksen yo – sa vle di yo dwe pran ni premye seri an ni piki rapèl ki rekòmande yo lè yo kalifye.
Nouvo vèsyon vaksen rapèl kont COVID-19 Pfizer ak Moderna yo disponib kounye a. Yo rele nouvo vèsyon rapèl yo “bivalan” poutèt yo pwoteje kont ni viris orijinal ki bay COVID-19 la ni varyant omicron BA.4 ak BA.5 yo. Rapèl sa yo ogmante iminite ou te jwenn nan dòz ou te pran oparavan yo.
Moun ki gen laj omwen 6 ane kapab pran dòz rapèl swa Pfizer swa Moderna, kèlkeswa mak vaksen yo te resevwa oparavan an.
Si ou te gen COVID-19 dènyèman, ou kapab tann pou pran yon dòz rapèl jiska twa (3) mwa apre ou te fin santi premye sentòm yo, oswa, si ou pa t gen okenn sentòm, twa (3) mwa apre dat tès ou a. Ou gendwa vle pran yon dòz rapèl nan mwens pase twa (3) mwa apre w te fin genyen COVID-19 la si w gen plis risk pou malad grav oswa pou trape COVID-19 la ankò.
Pale ak pwofesyonèl swen sante w la sou ki lè ou ta dwe pran pwochen vaksen w lan.
Vaksen ak rapèl kont COVID-19 yo disponib pou timoun ki gen laj omwen 6 mwa.
Vaksen yo ap ede pitit ou a vin gen iminite epi ba li pwoteksyon kont maladi grav ak lanmò akòz COVID-19. Timoun yo gen dwa gen menm efè segondè ak granmoun lè yo pran vaksen an, avèk abityèlman ti efè ki dire yon oswa de (2) jou.
Varyant pi kontajye COVID-19 k ap simaye yo lakòz kèk timoun vin malad, ospitalize ak mouri. Pi bon fason pou pwoteje pitit ou a se fè li pran vaksen an kou sa posib.
Si pitit ou a pase a yon lòt gwoup laj pandan oswa apre premye seri li an, pale avèk pwofesyonèl medikal li de ki dòz vaksen li dwe pran ak ki lè.
Timoun yo dwe pran menm mak vaksen yo te resevwa nan premye dòz yo a pou dezyèm (ak twazyèm) dòz yo nan seri prensipal la.
Mande doktè pitit ou a si l ap ofri vaksinasyon an. Gen famasi ki gen dwa ofri vaksen pou timoun ki gen omwen 3 zan.
Yon paran oswa responsab legal dwe bay konsantman pou pitit yo a pran vaksen an pèsonn, pa telefòn oswa pa ekri, dapre kote k ap fè vaksinasyon an. Yo p ap bezwen bay prèv yo se paran oswa responsab legal timoun nan.
Timoun ki gen laj rive 15 an dwe gen yon paran oswa responsab legal oswa yon lòt granmoun ki ap bay swen ke paran an oswa responsab legal la chwazi ki akonpaye yo nan kote k ap fè vaksinasyon an.
Apa rapèl yo, moun ki gen defisyans iminitè mwayen oswa grav (sa vle di yo gen yon sistèm iminitè ki afebli) dwe pran yon dòz vaksen anplis, nan kad seri vaksen prensipal yo.
Dòz sa a fèt pou ede moun ki gen dwa pa gen reyaksyon fò pa rapò a de (2) premye dòz yo poutèt yon pwoblèm oswa tretman medikal. Moun ki gen laj omwen 6 mwa ki pran dòz sa a dwe pran yon dòz rapèl tou lè yo kalifye.
Depatman Sante a ap pran dispozisyon pou tout moun jwenn vaksen kont COVID-19 yon fason jis ak ekitab. N ap pran dispozisyon pou kominote ki frape pi di anba pandemi an kapab jwenn vaksen an.
Moun ki gen andikap yo kapab jwenn èd pou pran yon randevou vaksinasyon nan yon sit ki aksesib, pou ale nan randevou a epi pou pran piki yo a. Kalite èd sa a rele yon akomodasyon rezonab.
Ou kapab jwenn akomodasyon rezonab si ou genyen difikilte:
Menm si lis la pa konplè, men kèk egzanp akomodasyon rezonab moun mande souvan: yon chèz woulan y ap bay lè yo rive, entèpretasyon lang siy ameriken oswa entèpretasyon taktil, yon kote pezib si espas ki gen anpil bwi yo akablan, ak eksplikasyon pale oswa pa jès pou jwenn wout yo nan lokal vaksinasyon an.
Ou kapab mande yon akomodasyon rezonab lè ou ap pran randevou pou vaksinasyon w lan, oswa sou paj entènèt pou pran randevou Vil la oswa lè ou rele 855-491-2667. Ou kapab mande yon akomodasyon rezonab tou nan men anplwaye yon lokal vaksinasyon Vil la ap jere, oswa voye yon imèl pou hubaccess@health.nyc.gov pou plis enfòmasyon.
Ou kapab enskri anliy pou yon vaksinasyon adomisil oswa rele 877-829-4692 tou.
Pou plis enfòmasyon, gade:
Enfòmasyon jeneral
Timoun, Gwosès
Fèy Enfòmasyon FDA yo:
Lòt Sit Entènèt Gouvènman Minisipal, Eta ak Federal