Voter Language Access

translation

Gade paj sa a nan lang ou:

Pwochen Eleksyon yo ak Sèvis VLA yo

Konsènan Asistans Lengwistik Pou Elektè Yo: Komisyon pou Angajman Sivik Vil New York (NYC Civic Engagement Commission, NYCCCEC) la ofri asistans lengwistik pou elektè ki gen Konpetans Limite nan Lang Angle (Limited English Proficiency, LEP) pandan eleksyon yo. Pwogram Asistans Lengwistik pou Elektè (Voter Language Assistance, VLA) a ofri sèvis entèpretasyon nan sèten biwo vòt nan lang sa yo:

  • Albanè, Arab, Bengali, Chinwa (Kantonè, Mandaren), Fransè, Grèk, Kreyòl Ayisyen, Italyen, Koreyen, Polonè, Ris, Oudou, ak Yidich.

Dat Enpòtan pou Eleksyon Primè Mwa Jen 2026 yo

Dat Vòt yo:

  • 13 jen - 21 jen: Vòt Alavans
  • 23 jen: Jou Eleksyon an

Dat limit yo:

Si ou pa sèten sou sitiyasyon enskripsyon elektè ou, verifye sou sit entènèt BOE a oswa rele 866-868-3692.

Sèvis Entèpretasyon pou Eleksyon Primè Mwa Jen 2026 yo

Pou Eleksyon Primè Mwa Jen 2026 yo, VLA pral ofri sèvis entèpretasyon nan dat sa yo:

  • Vòt Alavans: Vandredi 19 jen (Yidich sèlman), samdi 20 jen ak dimanch 21 jen
  • Jou Eleksyon an: Madi 23 jen

Pou w konnen si biwo vòt ou a ap ofri sèvis entèpretasyon VLA nan pwochen eleksyon an, vizite Kat Sèvis Vòt Alavans lan oswa Kat Sèvis Jou Eleksyon an. Ou kapab jwenn tou yon Lis Sèvis Vòt Alavans ak Lis Sèvis Jou Eleksyon ki aksesib. Pou w jwenn biwo vòt ou a, vizite Jwenn Biwo Vòt Mwen an epi mete adrès ou pou w konnen nan ki lokal pou w al vote. Tanpri sonje, kote pou w al vote nan jou Vòt Alavans lan ka pa menm ak kote pou w al vote nan Jou Eleksyon an, epi lokal yo ka chanje depi dènye fwa ou te vote a.

Konsèy Elektoral Vil New York la ofri sèvis nan konte sa yo:

  • Nouyòk: Panyòl, Chinwa (Kantonè, Mandaren)
  • Kings: Panyòl, Chinwa (Kantonè, Mandaren), Oudou, Bengali
  • Queens: Panyòl, Chinwa (Kantonè, Mandaren), Koreyen, Bengali, Enndi, Poundjabi ak Tagalòg
  • Bronx: Panyòl
  • Richmond: Panyòl, Chinwa

Sèvis entèpretasyon VLA yo vin ajoute sou sèvis entèpretasyon BOE yo, men yo pa ranplase yo ni kopye yo.

Kisa ki sou Bilten Vòt la

Nan eleksyon primè mwa jen 2026 la, elektè nan Nouyòk yo pral vote pou chwazi kandida pati yo pou pòs tankou Chanm Reprezantan Etazini, Gouvènè, Sena Eta a, Asanble Eta a, ansanm ak kèk pòs lokal oswa jidisyè.

Nouyòk gen yon sistèm eleksyon primè fèmen, epi elektè yo ka patisipe sèlman nan eleksyon primè pati kote yo anrejistre a. Moun ki genyen yo ap avanse pou eleksyon jeneral mwa novanm nan.

Pou wè kote w ap vote a, vizite sitwèb Konsèy Elektoral Vil Nouyòk

Anglè - Gid sou Resous pou Enprime

Kreyòl Ayisyen - Konnen dwa w yo (Klike pou louvri)