Administrasyon Resous Imèn Vil New York/Depatman Sèvis Sosyal (HRA/DSS) bay èd pou yon ti tan pou moun ak fanmi ki bezwen sèvis sosyal ak moun ki bezwen ekonomik pou ede yo vin endepandan. Men kèk nan sèvis nou yo: asistans lajan kach pou yon ti tan, asirans sante piblik, koupon pou achte manje, granmoun aje kap pran swen nan kay ak pou moun andikape, gratis, sèvis pwoteksyon pou granmoun, vyolans nan kay, sèvis sipò pou moun ki genyen VIH/SIDA ak aplikasyon sipò timoun.
Men kèk enfòmasyon sou fason HRA kapab ede ou. Pou jwenn plis enfòmasyon, rele 311.
-
Sèvis Lang: HRA bay sèvis entèpretasyon gratis nan tout sant pou vini san randevou nan apeprè 180 lang. Ou ka mande pou jwenn yon entèprèt nenpòt kilè. Si anplwaye ki pale de lang yo pa disponib pou ede ou, yon lòt anplwaye ap itilize sèvis entèpretasyon HRA nan telefòn. Ou ka vini avèk yon entèprèt tou si li gen omwen laj 18 tan. Anpil fòm HRA disponib nan lang Panyòl, Ris, Chinwa, Kreyòl Ayisyen, Arab ak Koreyen. Kèk fòm HRA – ak fòm lòt Ajans Vil la – disponib sou entènèt nan sitwèb www.nyc.gov/gateway nan lang Anglè, Ris, Panyòl ak Chinwa.
Klike la a pou telechaje epi enprime yon kat “I Speak” pou ede ou pou entèpretasyon an.
- Gid pou Avantaj Piblik pou Imigran yo: HRA gen yon nouvo tiliv pou bay enfòmasyon sou plizyè kalite avantaj piblik ki disponib pou imigran yo. Tiliv la disponib nan lang ki endike anba la yo:
English | Español | 中文 | Pусский | Kreyòl Ayisyen | 한국어 | বাংলা | اردو
- Asirans Sante ak Swen Medikal pou Imigran yo:
- Sitwayen ak ti biznis ki nan Vil New York kapab aprann posiblite asirans sante piblik ak asirans prive yo nan lang Anglè ak Panyòl. Ale nan lyen ki mennen nan Asirans Sante Vil New York - www.nyc.gov/hilink
- Èske Ou Pare pou Refòm Swen Sante a?
Fèy enfòmasyon sou Asirans Sante pou imigran yo, jèn adilt yo, ak ti biznis yo disponib nan 10 lang:
English |العربية | বাঙ্গালী | 中文 | Français | Kreyòl Ayisyen | 한국의 |русский | Español | اردو
-
Sèvis planin familyal disponib nan Pwogram Pwolongasyon Planin Familyal.
-
Aplike pou Vin Sitwayen Ameriken: Biwo Majistra a pou Afè Imigran lanse yon kanpay pou moun vin sitwayen ameriken pou ede paran elèv ki kalifye yo nan lekòl piblik vil la ki gen grinkat aplike pou yo vin sitwayen ameriken. Enfòmasyon yo disponib la a.