Kesyon Moun Poze Souvan konsènan Re-Konfimasyon pou SNAP
Fason pou Soumèt yon Aplikasyon
Èske yon moun ki pa yon moun lakay mwen kapab aplike sou non mwen?
Si kay ou itilize yon Reprezantan Otorize, n ap konfime si moun sa a toujou gen pèmisyon pou pran desizyon sou non ou.

Ou dwe soumèt yon nouvo Fòm Demann Reprezantan Otorize pou SNAP (LDSS-4942) oswa otorizasyon alekri Chèf Kay la si:
  • Gen yon nouvo Reprezantan Otorize;
  • Kaz pou koche pou swa ‘Re-Konfimasyon pou avantaj SNAP’ oswa ‘Tout sa ki endike anwo a’ pa t koche nan dènye fòm LDSS-4942 ou te soumèt la; oswa
Dènye otorizasyon alekri ou te soumèt la pa t endike si Reprezantan Otorize a te gen pèmisyon pou ranpli yon fòm aplikasyon pou re-konfimasyon pou SNAP pou kay ou.
Kisa aplikasyon pou re-konfimasyon an ap mande?
Nan aplikasyon sa a pou re-konfimasyon an, n ap mande ou pou konfime epi chanje enfòmasyon sou moun ki lakay ou, sou lajan ou ak sou bòdwo ou yo.

N ap montre ou enfòmasyon ki nan dosye ou nan moman an, epitou n ap mande ou pou konfime oswa chanje enfòmasyon yo jan li nesesè.

Aplikasyon pou re-konfimasyon an ap mande ou pou konfime:
  • Moun (moun lakay ou) ki fè pati dosye ou epi ki toujou ap viv lakay ou, tankou laj yo, sa yo ye pou ou, ak kondisyon imigrasyon yo. L ap mande ou tou pou ajoute nenpòt moun ki vin abite lakay ou.
  • Lajan moun lakay ou touche nan moman an lè yo travay nan yon djòb oswa nan travay endepandan.
  • Lajan moun lakay ou resevwa nan Avantaj Asirans Chomaj [Unemployment Insurance Benefits (UIB)], Konpansasyon Travayè, Avantaj Sekirite Sosyal, Sipò Timoun, ak Asirans Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Insurance).
  • Bòdwo ak depans moun lakay ou peye chak mwa tankou, men pa sèlman, peman lwaye, peman prè ipotekè, elektrisite, chofaj, gadri, sipò timoun, ak bòdwo medikal.
  • Resous ki disponib pou moun lakay ou, tankou lajan kach yo gen nan men yo ak nan kont labank yo.
  • Si nenpòt nan moun lakay ou enskri nan yon enstitisyon aprantisaj avanse, tankou kolèj, pwogram fòmasyon pou jwenn travay, biznis, oswa lekòl pwofesyonèl.
  • Si kay ou itilize yon Reprezantan Otorize, n ap konfime si moun sa a toujou gen pèmisyon pou pran desizyon sou non ou. Ou dwe soumèt yon nouvo Fòm Demann Reprezantan Otorize pou SNAP (LDSS-4942) oswa otorizasyon alekri Chèf Kay la si:
  • Gen yon nouvo Reprezantan Otorize;
  • Kaz pou koche pou swa ‘Re-Konfimasyon pou avantaj SNAP’ oswa ‘Tout sa ki endike anwo a’ pa t koche nan dènye fòm LDSS-4942 ou te soumèt la; oswa
Dènye otorizasyon alekri ou te soumèt la pa t endike si Reprezantan Otorize a te gen pèmisyon pou ranpli yon fòm aplikasyon pou re-konfimasyon pou SNAP pou kay ou.
Ki avantaj ki genyen pou bay tout enfòmasyon ou yo sou aplikasyon pou re-konfimasyon an?
Men avantaj ki genyen lè ou soumèt yon re-konfimasyon konplè:
  • Sa ta ka ekonomize ou tan pandan entèvyou a avèk anplwaye HRA ou. Si ou bay plis enfòmasyon kounye a, anplwaye HRA ou ta ka gen mwens kesyon pou poze ou pita.
  • Ou kapab travay sou aplikasyon pou re-konfimasyon ou nan ritm pa ou.
Kisa k ap pase apre mwen soumèt aplikasyon mwen pou re-konfimasyon?
  • Lè ou siyen sou fòm elektwonik epi lè ou soumèt aplikasyon ou pou re-konfimasyon, n ap voye li ba HRA.
  • Yon anplwaye HRA ap revize aplikasyon ou pou re-konfimasyon.
  • Ou dwe fè yon entèvyou avèk yon anplwaye HRA nan omwen 10 jou anvan peryòd konfimasyon ou fini pou evite yon posib sispansyon nan avantaj ou yo.
Ki dokiman y ap mande mwen pou bay?
Apre ou soumèt re-konfimasyon ou, yon lis dokiman ou ka bezwen bay HRA ap parèt.

Gid Dokiman pou Pwogram Èd Nitrisyon Siplemantè [Supplemental Nutrition Assistance Program (SNAP)] (W-129G) bay yon lis detaye tout dokiman ou kapab itilize pou verifye enfòmasyon ou te bay yo nan aplikasyon ou.
Kilè m ap konnen desizyon an pou aplikasyon pou re-konfimasyon mwen epi èske ap gen yon sispansyon nan avantaj mwen yo?
Si nou detèmine kay ou kalifye pou kontinye resevwa avantaj yo, epi si ou te soumèt aplikasyon pou re-konfimasyon ou anvan 15yèm jou dènye mwa peryòd konfimasyon ou, ou dwe resevwa yon desizyon nan HRA anvan fen peryòd konfimasyon ou nan moman an.

Pa egzanp: Si peryòd konfimasyon ou ap fini 31 desanm, epi ou soumèt aplikasyon pou re-konfimasyon ou anvan 13 desanm, ou dwe resevwa yon desizyon nan HRA anvan 31 desanm.

Ou ka resevwa yon desizyon pi bonè si ou fè pwosesis re-konfimasyon ou (aplikasyon, entèvyou nan telefòn epi ou retounen dokiman verifikasyon yo) anvan 15yèm jou dènye mwa peryòd konfimasyon ou.

Pou evite sispansyon nan avantaj ou yo, ou de fè sa ki endike anba la a:
  • Retounen fòm aplikasyon ou ki siyen pou re-konfimasyon ba HRA.
  • Fè entèvyou ki obligatwa a avèk yon anplwaye HRA omwen 10 jou anvan peryòd konfimasyon ou fini
  • Retounen nenpòt dokiman verifikasyon nou mande ou pandan entèvyou a. N ap ba ou 10 ou apati dat entèvyou a pou retounen dokiman yo. Si ou bezwen èd pou jwenn verifikasyon sa a, tanpri fè anplwaye k ap fè entèvyou avèk ou konnen sa.
Ka gen yon sispansyon nan avantaj ou yo si ou soumèt aplikasyon pou re-konfimasyon ou siyen anvan 15yèm jou mwa ekspirasyon ou.

Pa egzanp:Si avantaj ou yo ap fini 31 desanm, ou dwe soumèt aplikasyon pou re-konfimasyon ou anvan 31 desanm pou pèmèt ou jwenn tan pou entèvyou ou epi pou nou travay sou aplikasyon an.

Avantaj ou yo ap sispann si ou pa soumèt aplikasyon ou ki siyen pou re-konfimasyon, si ou pa fè entèvyou ki obligatwa a, epi si ou pa retounen dokiman verifikasyon yo anvan dènye jou peryòd konfimasyon ou nan moman an.

Pa egzanp: Si avantaj ou yo ap fini 31 desanm, ou dwe soumèt aplikasyon ou pou re-konfimasyon, ou dwe fè entèvyou a, epitou ou dwe retounen tout dokiman verifikasyon yo anvan 31 desanm.
Èske mwen gen pou travay pou mwen kapab resevwa avantaj yo?
Pou kounye a pa gen egzijans pou travay pou resevwa avantaj yo. Men, si sa te dwe chanje, yon anplwaye HRA ta diskite sou detay yo pou sa avèk ou pandan entèvyou ou sou kalifikasyon an.
Pandan konbyen tan mwen kapab resevwa avantaj yo?
  • Pa gen limit sou kantite tan ou kapab resevwa avantaj yo.
  • Oumenm ak moun lakay ou kapab resevwa avantaj yo toutotan nou satisfè kondisyon pou kalifye yo epitou depi nou kolabore avèk kondisyon pwogram HRA.
Si yo bay refi pou aplikasyon mwen pou re-konfimasyon, nan konbyen tan mwen kapab aplike ankò?
Ou gen dwa pou re-aplike yon lòt lè.
Kisa pou mwen fè si Chèf Kay mwen chanje?
Si te gen yon chanjman nan Chèf Kay ou pa t rapòte anvan ba HRA, ou p ap kapab re-konfime jouk lè chanjman an fèt nan dosye ou genyen nan moman an.

Tanpri kontakte HRA pou rapòte chanjman nan Chèf kay ou epi pou bay verifikasyon ki nesesè a jan nou mande ou sa. Depi chanjman an fèt sou dosye ou, si ou toujou nan peryòd re-konfimasyon an, ou ka kòmanse re-konfimasyon an sou entènèt.

Ou ka ranpli aplikasyon re-konfimasyon ou ansanm avèk Aplikasyon-Re-Konfimasyon ou pou Èd Nitrisyon Siplemantè [Supplemental Nutrition Assistance Program (SNAP)](LDSS-4826) epitou ou ka rapòte chanjman sa a pandan entèvyou ou avèk anplwaye HRA ou.
Èske mwen bezwen gen yon Nimewo Sekirite Sosyal [Social Security Number (SSN)] pou mwen kalifye pou avantaj yo?
Pou kalifye pou avantaj SNAP, oumenm ak tout moun lakay ou dwe gen yon Nimewo Sekirite Sosyal [Social Security Number (SSN)] ki valab oswa ou dwe montre prèv ki endike ou aplike pou youn. Sa gen ladan paran, moun k ap pran swen moun ki aplike, timoun ak moun nan kay la ki pa aplike epi ki gen bezwen ak revni n ap konsidere pou detèmine kantite lajan èd n ap bay pou kay la.

Si oumenm oswa yon moun lakay ou pa gen yon SSN valab, ou kapab aprann kijan pou aplike la a: Nimewo Ak Kat Sekirite Sosyal
Kilè m ap konnen desizyon an pou aplikasyon mwen pou re-konfimasyon an?
Si nou detèmine kay ou kalifye pou kontinye resevwa avantaj yo, epi si ou te soumèt aplikasyon pou re-konfimasyon ou anvan 15yèm jou dènye mwa peryòd konfimasyon ou, ou dwe resevwa yon desizyon nan HRA anvan fen peryòd konfimasyon ou nan moman an. Pa egzanp: Si peryòd konfimasyon ou ap fini 31 desanm, epi ou soumèt aplikasyon pou re-konfimasyon ou anvan 13 desanm, ou dwe resevwa yon desizyon nan HRA anvan 31 desanm.

Ou ka resevwa yon desizyon pi bonè si ou fè pwosesis re-konfimasyon ou (aplikasyon, entèvyou nan telefòn epi ou retounen dokiman verifikasyon yo) anvan 15yèm jou dènye mwa peryòd konfimasyon ou.