Otorite Lojman Vil Nouyòk la (NYCHA) ofri lojman ki konvenab e ki pa chè nan yon bon anvironman pou rezidan ki gen revni mwayen ou piti nan tou senk minisipalite yo. Anplisde lojman, NYCHA ofri opòtinite pou rezidan yo pou patisipe nan yon bann pwogram tankou pwogram kominotè, edikasyon, epi rekreyasyon, tankou tou fomasyon pou travay.
Enfòmasyon nan Sit NYCHA a
Sit NYCHA: Sit NYCHA divize an twa kolòn. Kolòn goch la bay aksè ak seksyon prinsipal nou yo. Kolòn mitan an ofri dènye nouvel sou NYCHA ak enfòmasyon sou plan Projè Kapital nou an. Twazyèm kolòn nan divize ande seksyon sa yo : Teks kap defile sou ékran ki relyé w ak nouvo pwogram yo, aktivite yo epi nouvel yo. Seksyon Resous yo ki gen enfòmasyon sou finans, popriyete NYCHA yo, epi yo bay aksè a lis Sant Kominotè yo ak Sant Moun aje yo ; yon seksyon ki bay aksè nan zòn nan menm kategori a ; epi Magazen NYCHA nou, kote ou ka achte ekipman ki gen simbòl NYCHA sou li.
Konsènan NYCHA : Chèche konnen kiyès nou ye. Li yon mesaj Prezidan NYCHA ; chèche fè enpòtan konsènan NYCHA nan enfòmasyon nou. Gade plan ekonomik ak plan finansyè nou yo. Tyeke opòtinite pou travay nan NYCHA ; epi gadankò istwa 70an Lojman Piblik la.
Aplike pou Lojman Piblik : Enfòmasyon sou pwosede pou aplike pou Lojman Piblik:
kalifikasyon ki rekòmande, limit nan revni, lis adrès ak nimewo telefòn Biwo Minisipalite yo.
Devlopman Lojman NYCHA yo: NYCHA gen 344 devlopman nan tout Site Nouyòk. Nan seksyon sa nou mete ansanm yon plande wout kote ouka chèche zòn epi enfòmasyon sou yon devlopman lèw tape adrès bilding nan oubyen non devlopman an. Wap jwenn yon wout pou zòn nan, enfòmasyon konsènan devlopman yo tankou tou sèvis nan Site a ak Kominotè tankou lekòl, Polis ak Pompye, libreri, etc.
Asistans Seksyon 8 : Aplikan, lokatè, pwopriyetè ap jwenn enfòmasyon sou Seksyon 8- Pwogram Bon pou Chwa Lojman an.
Kwen Rezidan yo: Seksyon an bay enfòmasyon kap interese rezidan nou yo. Nou metajou kontinyèlman ampil aktivite, nouvel, evèman, pwogram ak resous yo kila pou rezidan yo nan NYCHA.
Pwogram ak Sèvis Kominotè: Sant Kominotè ak Sant Moun aje NYCHA yo sèvi kòm yon santdatraksyon pou ampil pwogram rekreyasyon, kiltirèl, epi edikasyonèl yo. Nou bay enfòmasyon sou ampil nan pwogram nou yo k soupye; sèvis sosyal epi sèvis pou moun aje yo; epi sèvis pou bay rezidan travay.
Fè Biznis ak NYCHA: Nou met lis opòtinite dacha epi nou bay yon lis magazen disponib ki pou lwe yo. Atravè Depatman Opòtonite Egal nou – Biwo Biznis Opòtinite, NYCHA pran angajman pou bay Pwopriyetè Biznis ki gen mwens opòtinite, Biznis ki gen Proprieyetè Fi, epi Ti Biznis kap fè risk (MWSBEs), mwayen egal pou patisipe nan prosesis dacha NYCHA a
Nouvèl, Evénman ak Piblikasyon: Ou ka wè Kalandriye Evénman epi Près Pale nou yo de2002 akounye a. Ou ka wè epi kopye ampil nan piblikasyon NYCHA nou yo: Rapò Konpayi (2003-2005); Jounal NYCHA an Anglè epi an Espayòl – ak kopi de2001 akounye a; Ti Liv Rezidan nou yo, “A Home to be Proud Of” ki tradwi an Espayòl, an Fransè, an Rus, an Chinwa epi an Kreyòl Ayisyen; “The Communicator” ki se yon enfòmasyon alekri pou lokatè Seksyon 8 yo; “The Ledger,” yon enfòmasyon alekri pou pwopriyetè Seksyon 8 yo epi dènye piblikasyon “Bulletin” amplwaye a.
FAQs: Gen lis Keksyon ki toujou poze yo ak repons yo. Sa yo se keksyon aplikan, rezidan, lokatè Seksyon 8, epi pwopriyetè Seksyon 8 yo te toujou poze.
Kontakte NYCHA: Nou bay yon lis nimewo telefòn ki souvan itilize tankou tou opòtinite pou voye imel bay Prezidan NYCHA nou an.
Kounyea nou gen dokiman sa yo epi piblikasyon sa yo an
Kreyòl Ayisyen: