Search Email Updates Contact Us Residents Business Visitors Government Office of the Mayor NYC.gov always open
Human Resources Administration / Department of Social Services
Printer Friendly FormatTranslate this PageSet Text SizeNormal Text SizeLarge Text SizeLargest Text Size

















About HRA/DSS

Kreyòl Ayisyen

Byenveni nan sit wèb Jesyon Resous Imèn (HRA)/Depatman Sèvis Sosyal.HRA ap sèvi plis pase 3 milyon Nouyòkè nan plizyè pwogram tankou:asistans lajan kach tanporè, asirans sante piblik, koupon pou achte manje, swen nan kay pou granmoun aje ak pou moun andikape, gadri, sèvis pwoteksyon pou granmoun, vyolans nan kay, sèvis sipò pou moun ki genyen VIH/SIDA ak aplikasyon sipò timoun.

Nenpòt kilè ou vle aplike pou nenpòt sèvis HRA oswa si ou se deja yon kliyan, ou toujou genyen dwa pou jwenn sèvis entèpretasyon gratis.  Si li difisil pou ou kominike nan lang Angle, pa ezite mande pou jwenn yon entèprèt nenpòt kilè.  Sèvis entèpretasyon HRA gratis.HRA ofri sèvis entèpretasyon gratis nan tout sant san randevou nan apeprè 180 lang.  Nan kèk sant, nou kapab genyen anplwaye bileng (ki pale 2 lang) ki disponib.Ou kapab vini avèk yon entèprèt tou depi li genyen omwen laj 18 tan.

Anpil fòm ak avi HRA disponib nan lang ki endike anba la a: Panyòl, Ris, Chinwa, Kreyòl Ayisyen, Arab ak Koreyen.Kèk nan fòm sa yo, ansanm avèk fòm lòt ajans vil la disponib anliy nan sit wèb www.nyc.gov/gateway nan lang Angle, Ris, Panyòl ak Chinwa.

Pou sipòte sèvis HRA pou kliyan ki gen kapasite pou pale lang Angle yon fason ki limite nan tout nan biwo san randevou nou yo, ou kapab wè yon siy ki fè piblik la sonje disponiblite sèvis entèpretasyon an ak “Kad Lang” pou ede piblik la idantifye bezwen lang yo, ki endike anba la a.

Pou jwenn plis enfòmasyon, rele 311 oswa Liy Dirèk HRA nan 1-718-557-1399.

HRA Services

How Do I...

Quick Links
HRA's Exec. Order 120 Implementation Plan

Guide to Public Benefits for Immigrants
Language Services
HRA Customer Service Survey
 
Copyright 2013 The City of New York Contact Us | FAQs | Privacy Policy | Terms of Use | Site Map