Foreclosure Prevention - Haitian Creole
Sa pou Fè pou Labank Pa Sezi Kay
ou
Si ou prale achte yon kay, si w ap refinanse yon kay, oswa si w
ap chèche jwenn lajan prete pou repare yon kay, pran prekosyon ou. Genyen kèk
bank k ap montre kouman yo pi enterese fè lajan anvan yo satisfè bezwen ou. Pou
fè y ap mande pou w peye pi gwo frè oswa y ap mande pou peye pi gwo enterè pase
sa ou ta dwe peye. Ou kapab jwenn lajan prete a avèk peman ou pa anmezi pou fè.
Anpil bon moun ki entèlijan ak serye ap pran avantaj nan fason sa
a.
Sa pou fè:
Pa pran okenn presyon nan okenn afè.
Pa kwè okenn vandè ki di ou pa genyen lòt chwa.
Pa bay repons pou taktik lavant agresif.
Pa siyen dokiman ki genyen espas vid.
Pa dakò pou di ou touche plis lajan oswa pou bay fo
enfòmasyon pou kapab kalifye pou prete lajan.
Chèche jwenn èd. Li
GRATIS.
Rele 311 epi mande pou pale avèk yon espesyalis ki bay konsèy
nan zafè sezi kay nan The Center for New York City Neighborhoods. Patnè 30
pwogram yo kapab ofri ou sèvis legal gratis, konsèy sou lojman, sèvis edikasyon
ak sèvis entèvansyon nan zafè sezi kay. Sa p ap koute ou anyen epitou ou kapab
sove kay ou.