Yo mete anons yo nan jounal lokal ak jounal gran vil yo lè apatman ki kreye atravè pwogram HPD vin disponib. HPD Affordable Housing Hotline ofri tou yon lis apatman. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri rele 311 (Si ou deyò vil Nouyòk, ou kapab kontakte 311 depi w rele 212-NEW-YORK).
HPD pa lwe apatman. N ap travay avèk pwofesyonèl ajan imobilye ak gwoup lojman kominotè pou asire inite lojman ki bati oswa amenaje atravè plan lojman ki pa chè nou yo akòde pou mou ki pi bezwen yo. Nou mande pou yo lwe apatman ki jwenn sibvansyon yo atravè Sistèm Tiraj Osò Lib pou asire yon distribisyon lojman yo yon fason ki jis ak egal pou kandida ki elijib yo.
Kalifikasyon pou antre nan lotri a pa menm dapre chak devlopman lojman. Men, pi chak ak tout moun ki nan tiraj osò nou yo, pati ki enterese nan patisipasyon an dwe dirèkteman kontakte manadjè bilding lan, esponsò kominote a, oswa pwofesyonèl ajan imobilye ki parèt nan jounal la pou li kapab resevwa yon pake aplikasyon pa lapòs. Li enpòtan pou remake tiraj osò apatman HPD pa reklame frè pou pwosesis aplikasyon an oswa li pa reklame frè koutye ajan imobilye a.
W ap jwenn deskripsyon apatman ak kay yo atravè tiraj osò lojman an, epitou enfòmasyon sou fason pou fè demand yon aplikasyon disponib nan lang Kreyòl ayisyen atravè Affordable Housing Hotline, yon liy ou kapab kontakte nan nimewo 212-863-5620, oswa 311 (pou w kapab jwenn aksè nan 311 si w deyò vil Nouyòk, tanpri rele 212-NEW-YORK).
Si w ta renmen resevwa yon imèl lè New York City Department of Housing Preservation and Development fè mizajou nan kontni sit wèb li konsènan lis apatman ak kay pou lojman Minisipalite a esponsorize nan senk awondisman yo, tanpri enskri pou aspè sa a nan sit wèb www.nyc.gov/hpd
Aplikan ki enterese kapab jwenn enfòmasyon sou lotri tou si yo rele 311 epi mande pou Ling Ouvè HPD a sou Kay Bon Mache ki disponib an Anglè, Panyòl, Mandaren, Kantonè, Kreyòl Ayisyen, Koreyen ak Ris. Ling ouvè a disponib tou si ou konpoze dirèkteman nimewo sa yo:
Anglè, 212-863-5610
Panyòl, 212-863-5620
Mandaren, 212-863-8924
Kantonè, 212-863-8925
Ris, 212-863-8936
Kreyòl Ayisyen, 212-863-8939
Koreyen, 212-863-8979
Lis Devlopman HCD yo
“ NYC Housing Development Corporation (HDC)” [Kòporasyon pou Devlopman Kay NYC a] gen plizyè pwogram, epi chak gen obligasyon revni diferan. Ou gen dwa kalifye pou youn oswa plis pwogram, tou depan de revni w ak lajè fanmi w. Tyeke règleman yo pou chak pwogram anvan, epi konsilte lis batiman sa yo ke yo òganize selon nivo revni. Ou ta sipoze li règleman revni yo ak atansyon, pou tout pwogram yo, pou detèmine si ou kalifye, piske ou ka tonbe nan mitan diferan kategori pou pwogram diferan.
An adisyon, sonje ke pou aplike pou yon apatman, ou gen pou kontakte Ajan ki ap Jere chak batiman pou detèmine si yo ap aksepte aplikasyon kounye a. Pa gen biwo santral aplikasyon pou lis sa yo.
|
Revni Ba
|
|
|
|
Revni Mwayen
|
|
|
|
Revni Miks (Revni Ba-Mwayen)
|
|
|
|
Gade yon list of developments [Lis devlopman] Ki ap aksepte aplikasyon kounye a.
|
Depatman pou Moun Aje
Depatman pou Moun Aje (DFTA) mete disponib yon lis konpreyansif sou entènèt ki gen kay pou moun aje, ki ap opere nan 5 minisipalite yo. Enfòmasyon sa a disponib de minisipalite a minisipalite oswa si ou antre yon kòd postal pou rejyon ke ou vle a. Get the list by clicking here. [Klike la a pou jwenn lis la].
Kay pou Sipò:
Rezo Kay pou Sipò New York mete disponib yon lis inite SRO ak apatman yon pyès (estidyo) le ajans san-pwofi ki ofri sèvis sipò sou entènèt nan yon sèten degre. Majorite inite yo deziyen pou moun ki selibatè epi ki pa gen kay nan sistèm obèj NYC epi/oswa ki gen yon domaj. Vizite sit entènèt Supportive Housing Network [Rezo Kay pou Sipò] pou yon Lis Aplikasyon preliminè Vil New York. Pa gen anpil ki vid.