Depatman Sekirite Enteryè
(Department of Homeland Security) bay 18 mwa deziyasyon Estati Pwoteksyon
Tanporè (TPS). Ayisyen san papye ki t ap viv Ozetazini nan dat 12 janvye 2010
oswa anvan dat sa a kapab kalifye pou TPS.
Èske w panse ou kalifye pou TPS? DCA ankouraje ou pou
pwoteje tèt ou kont biznis ki pa kalifye pou ede ou. Pou jwenn enfòmasyon ki
kòrèk ak bon konsèy, pale sèlman avèk yon avoka ki gen repitasyon oswa pale avèk
òganizasyon non-komèsyal ki gen avoka pami anplwaye yo.
Nòt: Minisipalite vil la, nan tèt ansanm avèk City
University of New York ak òganizasyon kominotè yo, ofri sèvis aplikasyon TPS
gratis nan mwa Fevriye a. Konnen plis sou sèvis aplikasyon pou TPS
Pou jwenn enfòmasyon sou konsèy oswa èd gratis oswa ki pa koute chè
nan zafè imigrasyon, rele Liy Èd Imigrasyon Nouyòk nan nimewo (800) 566-7636 or
(212) 419-3737.
Jwenn fòm gratis pou TPS ak dènye enfòmasyon nan Sèvis
Natiralizasyon ak Imigrasyon Etazini (USCIS) nan lang AngleFranseKreyòl
Konsèy Jwenn enfòmasyon nan DCA sou fason pou pwoteje tèt
ou kont mètdam yo nan zafè imigrasyon nan lang AngleKreyòl
Plent Rele 311 pou pote plent nan DCA sou yon biznis ki
ofri sèvis imigrasyon. 311 kapab resevwa apèl nan plizyè lang diferan. Ou pa
oblije fè konnen non ou oswa sitiyasyon imigrasyon ou pou kapab fè
plent. Li de od 41
Exekitif Me A Bloomberg.
Ou kapab pote plent lan DCA sou
entènèt oswa ou kapab telechaje lwa vil Nouyòk ki gouvène founisè sèvis imigrasyon
yo.
Rele 311 oswa ale sou sit wèb www.courts.state.ny.us (Komite Disiplin
Avoka/Komite Doleyans) pou pote plent konsènan yon avoka.